Archives Ayiti Fanm

Recherchez un article

JSN ImageShow - Joomla 1.5 extension (component, module) by JoomlaShine.com
Accueil
YOLÈNE GILLES, YON MILITANT DWA MOUN
Écrit par Michaëlle Desrosiers, Marthe Raymond   
30-04-2007

Nan youn nan Emisyon televizyon « Vwa fanm yo », Seksyon Kominikasyon EnfoFanm te travay sou tèm « Plas  fanm yo nan Sistèm Legal ayisyen an ». Emisyon sa a te fèt ak Yolène (Yolèn ) Gilles(Jil), yon fanm ki pa sispann  milite pou defann Dwa Moun ann Ayiti. Ayiti Fanm ap prezante fanm vanyan sa a pou lektè ak lektris li yo.

Lire la suite...
 
INOGIRASYON SANT DOKIMANTASYON MADELEINE SYLVAIN BOUCHEREAU
Écrit par Seksyon Kominikasyon Enfofanm   
30-04-2005

Samdi  12  mas  2005  la,  Enfofanm  inogire  «Sant  Dokimantasyon  Madeleine  Sylvain  Bouchereau». Sant sa a k ap sèvi piblik la depi 1987, vin pote non yon gwo fanm ki make  listwa batay feminis yo ann Ayiti. Divès manm, ansyen manm, grandèt Mouvman Feminis la,  manm  lòt  òganizasyon  fanm,   reprezantant  enstitisyon  k  ap  soutni  Enfofanm,  senpatizan  ak senpatizant, elèv lekòl, inivèsitè ak inivèsitèz te patisipe nan seremoni sa a.

Lire la suite...
 
KANAVAL, PERYÒD KOCHMA POU FANM
Écrit par Kethlène Charles, Natacha Clergé   
31-03-2005

Kanaval se yon manifestasyon kiltirèl ki selebre nan kèk vil nan peyi a, tankou Pòtoprens,  Petryonvil, Jakmèl. Plen moun ki patisipe epi plen moun ki pa ale nan kavanal. Anpil moun  konsidere kanaval  tankou yon epòk kote moun kapab libere kò yo ak lespri yo nan bonjan plezi. Men, anpil moun pa pran tan reflechi sou vyolans kanaval la charye tou, sitou pou fanm yo.

 

Lire la suite...
 
Respè pou lespwa!
Écrit par AYITI FANM   
30-09-1997

Mwa sektanm se period kote tout lekòl ap pare pou louvri pòt yo. Tout paran konnen fòk yo degaje yo kanmenm pou yo voye pitit yo lekòl. Yo konnen lakonesans se youn nan pi gwo zouti yo ka ofri pitit yo, pou pèmèt yo gen plis chans pou afwonte lavi a. Si nan tan lontan yo te mete tifi yo sou kote nèt nan kesyon sila a, alèkile gen chanjman nan mantalite yo, e gen plis tifi ki gen chans al lekòl. Si paran yo gen volonte pou voye timoun yo lekòl, pwoblèm mwayen lajan, pwoblèm lekòl ki pa genyen tout kote se gwo baryè pou yo.

Lire la suite...
 
MOUFALAK
Écrit par Ayiti Fanm   
30-03-1993

MOUFALAK vle di Mouvman Fanm Lakay. Lin Yasent te rankontre Venant Laflè ki nan tèt mouvman an.

V.L. Mouvman Fanm Lakay pran pye nan Latibonit jounen 13 desanm, nan lane 1990. Li simaye lòt kote tou,Okay, Kwadèboukè, Site Solèy. Premye travay nou te kòmanse fè se te nan domèn fòmasyon sivik, paske lè anpil moun reyini yon kote, si yo pa gen fòmasyon nan fason pou yo konpòte yo nan sosyete a, pou yo konpòte yo yonn ak lòt, yo p ap kapab « metrize »yo pou yo rive fè travay yo vle fè a. Mwen pa ka di nou reyisi san pwoblèm, men mwen kwè nou rive omwens nan mwatye chimen. Lòt priyorite mouvman an ankò, se zafè alfabetizasyon an. Pou kounye a nou rive fòme 50 monitè alfabetizasyon. Nou te gen lòt pwojè tankou sante kominotè. Nou te panche tou sou travay atizana, nou te menm genyen yon biwo isit Pòtoprens, men depi koudeta a li bloke. Nou te gen tan fè anpil bèl travay nan domèn sila a, nou te reyini tout gwoup atizanal yo. (Tòbèk, Site Solèy, Kwadèboukè) epi nou te fè yon bèl espozisyon. Nou te vle genyen yon sant espozisyon pèmanan, men akòz sitirasyon n ap viv kounye a, nou yon ti jan bloke.

Lire la suite...
 
<< Début < Précédente 1 2 3 4 5 6 7 8 9 10 Suivante > Fin >>

Résultats 1 - 6 sur 248

Archive

Identification






Mot de passe oublié ?
Pas encore de compte ? Enregistrez-vous
Free Joomla Templates